Kreyòl EPK (Electronic Press Kit)
Link to the english version of the EPK / Lyen vè vèsyon anglè EPK a
Vèsyon KREYÒL:
A PWOPO DE FADETTE COLIN aka Ms.WOLOLOY
Fadette Colin (Ms.Wololoy) se yon atis Ayisyèn ki bèl nan nam li.e ki pote yon fòs kalm, yon vwa rich, ak yon prezans mayetik sou sèn ki rann chak pèfòmans li yo yon eksperyans pwisan men ki toujou rafine.
BIOGRAFI KOUT
Fadette Colin, ke yo konnen pwofesyonèlman kòm Ms.Wololoy, se yon atis ak pèfòmè nan mizik ki gen rasin Ayisyèn. Li melanje Konpa, ritm Afro-Karayibyen yo, ak yon elegans vokal ki gen nanm. Avèk yon idantite vizyèl distenk a li menm ansanm ak yon prezans sou sèn ki byen balanse e kaptivan, li kreye pèfòmans ki gen yon enpak emosyonèl epi ki memorab vizyèlman.
Li fèt Pòtoprens epi li leve e fòme nan tradisyon kiltirèl Ayisyen an ak enfliyans entènasyonal. Talan atistik Ms.Wololoy reflete pwofondè, rafinman ak fòs. Vwa li pote chalè ak otorite, sa ki pèmèt li pase fasilman de lirik ak melodi sou lanmou a lòt mizik ki plen enèji kote li angaje moun nan piblik li.
Fadette Colin kolabore ak plizyè pwofesyonèl enfliyan nan endistri mizik Ayisyen an, tankou Domec Brusly (Domec Brusly Records) ; Richard Noël, ke yo rele tou Mèt Fah (Mèt Fah Production), avèk li, li devlope ekriti ak pwodiksyon plizyè pwojè mizik li yo. Epi nan domèn anrejistreman an, li benefisye de gwo eksperyans ak konpetans Ti-Ansyto (Sound Studio 21), ansanm ak Réginald Bastien alyas T-Regi (High Quality Sound) kòm enjenyè son li.
Pèfòmans Ms.Wololoy yo make pa yon branding entansyonèl, presizyon vokal an dirèk, ak yon koneksyon solid ak odyans li. Kit li parèt kòm yon envite espesyal oswa kòm atis prensipal, li pote pwofesyonalis, ak yon talan atistik kote li ka chante nan plizyè lang swa konpozisyon orijinal li yo, swa entèpretasyon ki byen òganize e ki touche nanm.
Pandan l ap kontinye elaji repètwa mizikal li, Ms.Wololoy konsantre kounya: sou kolaborasyon estratejik ak lòt atis ak pwofesyonèl nan mizik; sou pèfòmans an dirèk ki chaje ak enèji, soti nan evènman/fèt/gala prive entim rive nan gwo festival piblik. Misyon li se mete Ayisyènte an valè pandan ke li ouvè sou entènasyonal la.

VWA,PREZANS SOU SÈN AK PÈFÒMANS, ABILITE DANSE AK PALE, APÈSI SOU TALAN VIZYÈL
AKAPELA: ("Soude": Lirik ak Melodi: Fadette Colin aka Ms.Wololoy)
NAN ESTIDYO AK AKONPAYMAN YON ENSTRIMAN SÈLMAN: ("Papa": Lirik ak Melodi: Fadette Colin aka Ms.Wololoy. Gita: Idonis Francois)
KÈK DIFERAN PÈFÒMANS SOU SÈN AK JAN LI ANGAJE PIBLIK LI
ABILITE DANSE
Dans Tradisyonèl / Fòlklorik: (Koregrafi ak Dans: Fadette Colin aka Ms.Wololoy. Mizik: Jeff Pierre)
Dans Modèn: (Mizik, koregrafi ak dans: "Tande m Tande": Wololoy! LLC/ Fadette Colin aka Ms.Wololoy)
YON APÈSI SOU TALAN VIZYÈL
ABILITE PALE: (Intèvi ak Radio Voice of America Kreyòl; jounalis : Yourmy Jeanithe )
LYEN MIZIK
Tande mizik oswa gade videyo mizik yo:
YouTube: PLAYLIST pou odyo ak video ofisyèl mizik yo: https://www.youtube.com/playlist?list=PLeeCU63EuerBtX0sL41vdaZa1nHYghXgf
YouTube: CHÈN: https://www.youtube.com/@fadettecolin
Apple Music: https://music.apple.com/us/artist/ms-wololoy/1691465505
Spotify: https://open.spotify.com/artist/3INg6i7y1kiFyVifJh2Kvi
FOTO POU MEDIA
• SOU SÈN

• FOTO TOUT WOTE


• FOTO PRE

• POU LAPRÈS AK JOUNAL

REZÈVASYON AK KONTAK
Pou rezèvasyon ak kolaborasyon:
Rele (US): 404-953-8680
Klike la a pou Email: ms.wololoy@wololoystore.com









